26 Fevriye 2008
Nan sa ki gen pou wè ak salè minimòm nan; wi nou dakò pou gen yon ogmantasyon nan salè minimòm nan. Depi 1984, salè minimòm nan te rete fikse a 15 goud; ki siyifi 3 dola US. Poutan, jody a ki fè 24 an pli ta, salè minimòm nan se 70 goud; men li egal a sèlman 2 dola US. Si ke nou konsidere to de vi an, salè minimòm nan ta dwe fikse a 300 goud pou pli piti. Men lè ke nou pran an konsiderasyon frajilite travay an Ayiti; pou ke pa gen plis travay ki pèdi, sektè sendika ki enkli CTH aksepte pou pwopoze 200 goud kòm salè minimòm; gen diskisyon ki ap fèt ak anplwaye yo onivo de yon komisyon tripati & abitraj ki gen pou pwopoze a gouvènman yon nouvo salè minimòm; aprè sa, nouvo salè minimòm nan ap prezante nan chanm palman pou yon vot final. De jody a rive mwa Mas ki ap vini la, travayè yo ap gen yon nouvo salè minimòm.